Kous machin 100 goud : Kijan rantre lekòl la ap posib ak pwoblèm gaz la ?

Publié le : 30 sept. 2022 à 08:21
Ak yon bidjè minimòm 40 000 goud pou yon ane pou yon timoun, èske rantre lekòl la toujou posib lendi 3 oktòb k ap vini la a si pwoblèm gaz la pa rive rezoud ?
Sa gen plizyè mwa depi peyi a ap konnen yon rate gaz atifisyèl ki lakoz pri kous yo te deja ogmante nan tout zòn. Keseswa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan oubyen vwayaj pou ale nan vil pwovens yo, tout kous yo te ogmante e gen sila ki te menm rive double.
Alepòk, gaz la te deja epi pat disponib nan ponp yo. Se te atè, nan men machann revandè, pafwa menm ki tou chita anba bouch ponp lan pou yon chofè te jwenn ti gout gaz nan pri egzajere. Soti 750 goud pou tonbe nan 1250 goud jouk rive 1500 goud, se nan pri sa yo ou te ka jwenn yon galon gazolin pou w fonksyone pandan nan ponp yo, leta te deja fikse l ak 250 goud.
Leta monte tout pri gaz yo
Pou kounye a, sa gen plis pase 2 semèn, gouvènman Premye minis Ariel Henry ap dirije a deside ogmante pri gaz yo nan ponp lan depi 13 septanm pase a. Galon gazolin nan te dwe soti nan 250 goud pou l te vann 570 goud. Dyezèl la sou bò pa l ki tap vann 353 goud, leta a deside fikse l ak 670 goud.
Depi lè sa a, peyi an antre an mòd « lòk ». Manifestasyon nan plizyè vil nan peyi a ak nan kapital la. Toute activité paralysée. Magazen ak biwo leta kou prive femen. Anpil sèn vyolans ak zak piyaj fèt nan divès kwen nan peyi a. Epi sektè transpò a menm sou bò pa l konplètman paralyser.
Ki konsekans sa genyen ?
Tout sitiyasyon sa yo vin fè pwoblèm gaz la ki te déjà ra epi tap file monte sou mache nwa a fè pri yo pete plafon. Nan moman an la si w pa gen 2500 goud jiska 3000 goud, ou pap jwenn 1 galon gaz menm pou w fè remèd. Premye minis lan te anonse gaz la disponib nan kantite ki sifi pou reponn ak bezwen tout peyi a men depi jou sa a, pa gen 1 kamyon ki rive soti nan tèminal yo.
Depi lè sa tou, pa gen okenn vwayaj ki fèt soti nan yon vil pwovens pou rive Pòtoprens. Nan kapital la menm, se kèk grenn chofè kamyonèt ki rive sòti nan moman ki gen ti trèv. Pri kous yo te deja kòmanse monte depi nan premye moman rate yo. Aktyèlman, si w pa gen minimòm 100 goud pou yon ti moto, se 2 pye w ki pou mennen w tout kote w vle ale.
Se nan kondisyon sa yo antre lekòl la ki te fikse pou lendi 3 oktòb k ap vini la a ta dwe reprann. Minis Edikasyon an sou bò pa l lese konprann pa gen wout pa bwa, wè pa wè « lekòl pa ka tann » ! Kòman sa ap ye pou deplasman elèv, etidyan, paran ak pwofesè ?
Yon bidjè 40 000 rive 50 000 goud pou yon ane pou 1 timoun si sa pa chanje
Soti Fleryo, Klèsin pou rive Jeral Batay : 100 gourds. Se menm jan an tou si w ap soti karade pouw desann kafou Jeral. Si w sot kafou Jeral Batay la ou vle monte sou Dèlma 33, se 100 goud. Soti nan kafou Delma 32 pou monte PetyonVil, se 100 goud. Si w ap desann Petyonvil pou w rive kafou Ayopò, se 125 goud. Si w vle rive Pòs machan an pasan pa Nazon oubyen on ti bis Pòtay, ou dwe genyen 125 goud kach.
Ak kalite pri sa yo, yon senp ti kalkil matematik ap ede n konprann si w pa gen 500 goud ak 625 goud ou pap ka rive al nan pyès lekòl si w ta dwe pran sèlman 1 kous machin pandan 5 jou. Men bidjè sa a li menm dwe double paske ou pap ka ret dòmi nan lekòl la, ou dwe gen menm kantite kòb la pou w tounen.
Pou n pi klè, se 1000 goud rive 1250 goud yon moun ap bezwen pou l ka fè pakou ale tounen nan 5 jou klas pandan yon semèn si distans kote lekòl la ye a ta mande se 1 sèl kous la pou l pran. Pou yon mwa lekòl ki gen 4 semèn, w ap vin gen bezwen 4000 goud jiska 5000 goud. Pou anene lekòl la ki ta sipoze gen 10 mwa, ou dwe prepare on bidjè 40000 goud jiska 50000 minimòm sèlman pou transpò !
Èske rantre lekòl la toujou posib ?
Ki ka yon paran ki gen 2,3,4 timoun ? E si distans lekòl la mande se 2 kous pou w pran ? Ki ka yon pwofesè k ap fè kou nan 3 lekòl diferan ki pa nan menm zòn ?
Antouka ! Si n ap konsidere sa se sèlman pou transpò, pri pwodui premye nesesite yo sou yon lòt bò pa sispann monte mòn, si w dwe peye machin pou w al lekòl epi byen manje pou w ka byen aprann, nan kondisyon sa yo, si pwoblèm gaz la pa rezoud, èske rantre lekòl la toujou posib lendi 3 Oktòb k ap vini la a ?
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media