Amnesty International : tout move tretman ak mati ameriken fè ayisyen k ap mande azil Ozetazini yo pase anrasinen tout longè nan yon rasis anti-nwa

Publié le : 23 sept. 2022 à 16:45
Otorite nan peyi Etazini fè sitwayen ayisyen k ap mande azil sibi on seri imilyasyon, move tretman ak mati ki chita sou kesyon ras epi arete yo nan kondisyon lalwa pa otorize. Se sa Amnesty International retrase nan yon nouvo rapò nan dat 22 septanm 2022 a ki gen pou tit : « Yo pat trete nou tankou moun’ Mati ak tout move tretman ki chita sou kesyon ras epi ki gen rapò ak sitiyasyon migran ayisyen k ap chache azil nan peyi Etazini ».
Vyolasyon dwa moun sa yo ak tout depòtasyon pa pil pa makòn ki fèt sou baz Tit42 a se dènye epizòd yon long tradisyon ki anrasinen byen fon nan yon sistèm diskriminasyon anti-nwa, arestasyon, eksklizyon ak yon ansanm mezi ki fèt nan objektif pou demotive ay ak ayisyèn k ap chache refij nan peyi Etazini.
Erika Guevara Rosas ki se Direktris pou zafè Amerik la nan Amnesty International déclare « sa gen yon lane depi gouvènman Joe Biden nan te kondane vyolans gad fwontalye ameriken yo te itilize pou chase moun ki tap mande azil anba pon Del Rio a. Malgra sa, otorite Etazini yo pa sispann koupe dwa moun yo genyen pou chache yon pwoteksyon entènasyonal sou fwontè avèk Meksik la ».
« An menm tan, yo kontinye fè démon esklavaj yo reviv ankò lè yo met chèn nan pye ayisyen koulè nwa yo avan yo minote yo pou mete yo nan avyon pou retounen yo nan peyi yo. Sa pa fè plis ke fè moun sa yo sibi soufrans sikolojik anplis mati yo deja fè yo pase ki pa kadre ak sa lwa entènasyonal sou dwa moun yo pèmèt. Rechèch nou yo pèmèt nou jwenn yon ansanm eleman ki pwouve ke sistem imigrasyon ameriken an gen yon nannan sistèm rasis tout longè ki karakterize l ».
Rapò a montre ke gouvènman ameriken ki vini youn aprè lòt yo aplike divès mwayen politik nan objektif pou demotive ayisyen ak ayisyèn k ap mande azil nan peyi Etazini pandan y ap kenbe, mare epi voye yo tounen nan peyi yo. Mannigans politik sa yo te tanmen depi lane 1970 epi kontinye jouk jounen jodia ak Tit42 a.
Se ak temwanyaj 24 ayisyen yo te depòte sou baz Tit42 a soti septanm 2021 pou rive janvye 2022 a Amnesty International itilize pou pwodui rapò sila. Selon temwanyaj sa yo, ajan ameriken yo te menm arete timoun ak ti bebe ki gen soti 14 jou pou rive 9 lane sèlman epi separe yo ak paran yo nan plizyè ka. Sa yo pa lòt ke vyolasyon dwa entènasyonal yo.
Moun sa yo fè konnen yo pat janm mete entèprèt aladispozisyon yo ni ba yo aksè ak asistans jiridik nesesè. Anplis de sa, anpil nan moun sa yo pat jwenn mask ni posiblite pou respekte distans fizik youn ak lòt. Sa ki voye jete byen lwen deklarasyon ki fè kwè se pou anpeche pwopagasyon COVID19 la depòtasyon sa yo te fèt sou baz Tit42 a.
« Nou espère rekòmandasyon nou fè nan rapò a pral deklannche yon mouvman bò kote otorite ameriken yo pou yo demantle politik diskriminasyon ak mati ki baze sou « ras moun »ayisyen ak ayisyèn ki fè pati migran koulè nwa yo toujou sibi nan sistèm imigrasyon Etazini an » . Se deklarasyon direktris Haitian Bridge Alliance lan, Nicole Phillips.
Pandan yo raple kri plis pase 100 manm kongrè ameriken an nan mwa fevriye 2022 a, Amnesty International mande gouvènman Etazini an pou l pran tout angajman sa mande pou l elimine politik antinwa a epi fè yon bon pase men nan fason sistèm imigrasyon Etazini an trete moun koulè nwa k ap chache pwoteksyon.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media