Haïti

Ariel Henry avwe feblès li epi mande entènasyonal la « sekou »

Si leta gen pou misyon reponn ak kesyon pandan l ap pote solisyon ak pwoblèm pèp la ap fè fas, Premye minis defakto Ariel Henry prefere vin poze pèp la kesyon sou sitiyasyon makawon y ap viv la san pote okenn pwopozisyon solisyon.

Publié le : 6 oct. 2022 à 15:04

Nan 3èm adrès pou nasyon an nan espas 1 mwa Premye minis Ariel Henry pale san l pa fè pyès anons ki ka pote solisyon nan kriz peyi a ap konnen depi yon bon bout tan kounya. Chèf gouvènman an pa fè ni plis ni mwens ke plenyen menm pwoblèm yo epi mande èd ak sekou kominote entènasyonal la pandan l kanpe fèm sou desizyon monte pri gaz yo ki te konplike kriz la depi plis ke 4 semèn.

Kontni diskou PM nan

Pa gen okenn nouvote nan dènye diskou PM nan parapò ak premye yo. Li pa anonse okenn veritab mezi pou fè fas ak kriz la. Nan tout diskou a, li reprann menm kesyon enstrimantalizasyon mouvman mas pèp la ak nèg ak zam ansanm ak aktè li pa janm ka denonse ki gen men kache dèyè mouvman revandikasyon pèp la.

« Eske nou panse tout bon vre, nèg ak gwo zam fann fwa kap tire sou Lapolis ak Lame pou anpeche yo louvri wout pou gaz la ka soti nan tèminal yo, se nan enterè pèp ayisyen, nan enterè pa nou yap travay ? » Se kesyon chèf gouvènman ap poze pèp li gen pouvwa dirije a. Kòmkwa, si gwoup Premye minis la nonmen la yo se yo ki ta pwoblèm peyi a, se pèp la ki an mezi rezoud yo.

Desizyon monte pri gaz yo pap chanje

Si youn nan prensipal koz ki te anvlimen sitiyasyon malouk peyi ate deja ap konnen an se te desizyon gouvènman an te pran pou l monte pri gaz yo ki te lakoz on latriye manifestasyon vyolan kòmanse nan peyi a depi plis pase 4 semèn, Premye minis lan rete kanpe fèm sou desizyon l.

Nan diskou li a li fè konnen : « Mwen dil deja, e map repetel, krich pa kannari, kannari pa sous, fòk nou use sa nou genyen pou nou bay pi fò pèp la, sutou sa ki pi mal yo yon minimòm sèvis tou. Fòk nou dakò ak mwen, nou pa ka pran tout resèt ladwann pou sèvi yon ti gwoup moun e pou nou subvansyone yo grenn pwodui ».

Yon diskou san ladrès

Lè w se chèf ou gen responsablite rezoud pwoblèm ak chache solisyon. Nan ka Premye minis Ariel Henry, li pito vin replenyen mizè pèp la deja ap konnen ba li san l pa pote okenn espwa ni anonse kenn mezi gouvènman l ap dirije a ap pran pou soulaje doulè tout kalte pèp la ap konnen ni menm fè presanti li tante revandikasyon yo genyen.

Premye minis lan avwe klèman mank kapasite l pou l dirije epi avwe feblès li fas ak kriz la li pa ka jwenn mwayen solisyone. Li vin poze pèp la on dividal kesyon ke pèp la ap poze déjà epi fèmen je l sou sa pèp la ap mande moun ki gen pouvwa desizyon yo aji pou yo.

Feblès leta a klè nan diskou PM nan

Fas ak feblès pouvwa a genyen pou l dirije jan sa ta dwe ye a Ariel Henry ale pi lwen nan menm diskou li a pou l mande pwòp pèp la èd epi sipliye entènasyonal la pote l sekou. Li deklare nan fen diskou li a « Situyasyon an grav. An nou pran destin nou an men. An nou fè prèv de konpasyon e dumanite. An nou leve eskamp figi peyi a. An nou mete tèt nou ansanm, pit kou mawo, zannanna kou pengwen, pou nou chanje sa. An nou fè sa pou Ayiti ».

Si se chef gouvènman an ki gen misyon garanti byen, lavi ak bòn mach enstitisyon ak fonksyonman peyi a, Ariel Henry asime li fayi ak misyon sa. Se nan kontèks sa a, li tou pwofite adrès pou nasyon li a pou l mande letranje ki nan kominote entènasyonal la pote l sekou.

Mande èd tout kalte ak entèvansyon letranje

« M ap mande tout kominote entènasyonal la, tout peyi zanmi Ayiti yo, pou yo pote kole ak nou, e ede nou konbat kriz imanitè sa a. Carte mande èd, akonpayman ak sekou. Nou bezwen yo ba nou tout kalte supò ki nesesè, pou evite moun mouri pa pil e pa pakèt, si nou pa fè anyen. Nou vle pou dlo potab ak medikamen rive jwenn moun ki malad yo nan moman kolera kòmanse tounen, pou izin kap pwodui dlo potab yo rekòmanse fonksyone, nou bezwen doktè ak enfimyè jwenn wout pou rive nan lopital yo, pou anbilans ka sikile, pou lopital rekòmanse fonksyone. Nou vle yo, ede nou libere wout yo nan tout peyi a, pou gaz la ka soti al nan pomp yo tou patou, pou tout ti moun ka ale lekòl san kè sote, pou tout moun ka vake a okipasyon yo san pè e san krent », se deklarasyon Premye minis Ariel Henry.

Ki isi pèp la ka espere nan kontèks sa a aprè diskou kote dirijan yo avwe yo enkapab pou rezoud ak pote solisyon pou ede pèp la jwenn yon souf ak espère lavi miyò nan peyi a ?

Filisner DIEUJUSTE

AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button