Babekyou nan tèt lis nwa sanksyon ONI k ap tann vòt rezolisyon konsè sekirite a
Youn nan 2 rezolisyon peyi Etazini ak Meksik ekri pou pwopoze nan Konsèy sekirite ONI an sou dosye Ayiti a mete ansyen polisye ak chèf gang Jimmy Cherizier, alyas Babekyou, nan tèt lis moun yo vize sanksyone yo.

Publié le : 20 oct. 2022 à 22:12
Jimmy Cherizier yo konnen tou sou non Babekyou se yon ansyen polisye ki an menm ap dirije regwoupman gang ki pote non « G9 An fanmi e Alye ». Se sèl li menm non li parèt pami pami yon latriye lòt non peyi Etazini vize pou pran sanksyon kont yo. Sanksyon sa yo kapab jele ak sezi byen yo, entèdi yo antre nan peyi Etazini epi mete anbago zam sou yo.
Sepandan, rezolisyon sa a prevwa mete sou pye yon komite ki dwe sible yon lòt ayisyen ak gwoupman ki ta dwe gen ladann oligak, elit politik politisyen kòwonpi nan tout nivo ak menm sitwayen ameriken ki ta nan konfyolo ak moun k ap alimante ensekirite a an Ayiti .
Se menm Babekyou sa a ki prezante tèt li kòm prensipal moun ki anpeche distribisyon gaz yo soti nan tèminal yo pou ale nan ponp yo. Sitiyasyon sa a lakoz depi apre gouvènman an te anonse y ap ogmante pri gaz yo peyi a ap konnen yon kriz imanitè san parèy sitou apre epidemi kolera retounen nan peyi a.
Dezyèm rezolisyon Etazini ak Meksik la konsène deplwaman yon fòs etranje nan peyi a pou ede konbat ensekirite ki fin gangrene tout bon mach ansanm aktivite ak lavi kotidyen ayisyen yo.
N ap raple Konsèy sekirite ONI an pat rive antann yo sou yon vòt inanim pou yo solisyon ak pwoblèm Ayiti a apre reyinyon mèkredi 19 oktòb la.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media