Grand Dossier

Daprè Sant Karl Lévêque jiska 60% polisye gen koneksyon ak gang

Publié le : 19 oct. 2022 à 14:15

Yon dènye rapò òganism endepandan Sant Karl Levêque ki gen nan tèt li pè Gardy Maisonneuve revele ke gen ant 40% rive 60% manm efektif polis nasyonal peyi d Ayiti a (PNH) ki nan konfyolo ak gwoup gang.

Pè Maisonneuve ki se direktè egzekitif Sant Karl Lévêque konfime nan antèn youn nan radyo nan kapital la kote l tap entèvni chif makawon ki konfime pi plis movèz mach enstitisyon polisyè a.

Nan youn nan dènye rapò òganism li ap dirije a, pè a fè konnen aprè divès ankèt yo mennen yo rive ak konklizyon ke « ant 40% jiska 60% polisye yo gen koneksyon ak gang jouk rive nan pi wo nivo enstitisyon an ». Se youn nan rezon selon evèk la ki jistifye echèk divès operasyon lapolis la ap mennen.

Pè Maisonneuve ki di li pa favorab ak vini yon gwoup sòlda etranje sou teritwa peyi a kwè si yo fè epirasyon nan efektif polis la, y ap ka bay rezilta. Evèk la plede plis pou yon ranfòsman lapolis la ak bon jan materyèl ak sipò.

Pou li menm, « epirasyon lapolis la se yon bagay ki ka fèt nan 1 a 2 semèn. Si yo vle, yo kapab menm itilize polisye ki kòwonpi yo nan pa ba yo kras enfòmasyon davans sou operasyon yo pral mennen epi sezi telefòn yo pou moman sa yo ».

Pou fini, direkè egzekitif Sant Karl Lévêque la raple entèvansyon fòs etranje yo se bagay ki abitye fèt déjà e yo pa janm pote veritab solisyon pou kriz peyi a. Li di li rete kwè si yo mete fòs polis ayisyen yo an konfyans epi ekipe yo pandan y ap elimine move grenn yo, y ap ka rezoud fenomèn ensekirite a.

Filisner DIEUJUSTE

AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button