Dola ameriken BRH te pwomèt l ap enjekte sou mache a, kote yo pase ?
Nan mitan kriz k ap brase bil peyi a, to referans BRH ak to chanj lajan sou mache a rekòmanse file monte. Kote enjeksyon 150 milyon dola ameriken Bank Repiblik Ayiti a te pwomèt avan mouvman « Peyi Lòk » la, sa yo fè avèk li ?

Publié le : 17 oct. 2022 à 11:52
Avan gwo kriz mouvman « Peyi Lòk » kòmansman mwa septanm 2022 a, BRH te anonse l ap enjekte dola sou mache a pou ka soulaje pwoblèm to-chanj lan ki t ap galope. Lè sa a, dola ameriken an tap vann jiska anviwon 150 goud pou 1 dola ameriken sou mache enfòmèl la.
Pou konbat pwoblèm sa a, 22 dawou 2022 a, BRH te anonse l ap enjekte jiska rive 150 milyon dola ameriken sou mache a. Enjeksyon sa a te dwe fèt moso pa moso pou te ka rive frennen vitès to-chanj lan t ap konnen an.
Yon rankont pou pran yon desizyon ki pa janm sifi
Desizyon sa a ta pral vini aprè yon rankont nan dat 11 dawou 2022 a dirijan Bank Santral yo ta pral fè ak responsab bank komèsyal yo ansanm ak responsab biwo transfè yo « sou kesyon to-chanj lan, sou tretman tranzaksyon enfòmèl yo ak kesyon sikilè 114 -2 un ».
Lè sa a, BRH ta pral fè konnen rankont sila te rive fèt « nan kad demach Bank Santral ap antreprann pou konplete ansanm enfòmasyon li yo pou l ka pran desizyon ki ka pèmèt li frennen degradasyon to chanj lan t ap konnen an ».
Se sèlman 40,5 millions enjeksyon ki deklare…
Depi anons 22 dawou sila, se sèlman 40,5 milyon dola ameriken BRH te rive deklare li enjekte sou mache a. Yo te fèt nan fason sa a :
- 23 dawou 2022 : 8,5 millions de dollars
- 25 dawou 2022 : 10 millions de dollars
- 26 dawou 2022 : 8,5 millions de dollars
- 30 dawou 2022 : 3,5 millions de dollars
- 1er septembre 2022 : 5 millions de dollars
- 2 septembre 2022 : 5 millions de dollars
Sou 150 milyon ki pwomèt, mwens pase 30% te rive deklare enjekte sou mache a (40,5 milyon sou 150 = 27%). Anons sa a te gen efè imedya bese byen ba sou to-chanj lan sou mache enfòmèl la ki te pase soti nan 150 goud pou 1 dola ameriken a mwens pase 100 goud sou mache enfòmèl la.
Yon bann enjeksyon pou gaz ki pa janm rive
Pou chak enjeksyon BRH te pran tan l pou l presize ki sektè k ap benefisye l ak ki obligasyon li te dwe kouvri. Premye enjeksyon an ki te yon montan 8,5 milyon dola te dwe al jwenn prensipal bank peyi a : « 2,250 milyon pou Unibank, 2,100 milyon pou Sogebank, 1,300 milyon pou BNC, 1,200 milyon pou Capital Bank, 700 mil pou BUH, 400 mil pou City Bank, 350 mil pou Sogebel ak 200 mil pou BPH ».
Tout rès enjeksyon yo te rezève pou konpayi gaz yo pou te ede yo jwenn dola pou ka pase plis kòmand pou konbat rate gaz la ki tap pèsiste nan peyi a. Sou 32 milyon dola ki te enjekte soti 25 dawou pou rive 2 septanm 2022 a, 26 milyon te fèt pou trete kesyon gaz la. Lòt 6 milyon an ta pral jwenn lòt antrepriz BRH pat janm presize kilès yo te ye (Referans : enjeksyon 26 dawou a).
Konsta a klè : malgré tout enjeksyon sa yo BRH te fè pou konpayi gaz yo, gaz la pat janm rive disponib nan ponp yo nan kantite ki te ka rive satisfè tout bezwen popilasyon an. Se mache nwa a ki te toujou ap fè lalwa ak pri yo ki tap pete plafond.
E pou kounya ?
Jounen jodia, aux referans BRH la nan menm nivo ak jan l te ye nan semen 22 pou 27 dawou a (anviwo 120 goud pou 1 dola) kote premye enjeksyon yo ta pral koumanse. Sa ki ta pral pèmèt to-chanj yo konnen premye nivo bese yo. Kote rès 109,5 milyon dola ki rete sou montan BRH te pwomèt l ap enjekte ki ta pral fè to pils bese toujou a ?
Poukisa, malgre kriz la ki lakoz tout aktivite chanje lajan yo ralanti a, dola reprann dominasyon l ak vitès kwazyè li sou goud la ? Kòman nou ka konprann desizyon enjeksyon yo si a chak fwa li toujou moutre se yon solisyon ki pa janm sifi ni dire pou rezoud pwoblèm nan ?
Kesyon yo anpil. Pou kounya otorite leta yo fè silans sou kesyon sa a. Popilasyon an kontinye ap sibi lalwa to-chanj mache enfòmèl la ki nan avantaj bank komèsyal yo ak biwo transfè yo.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media