Imigrasyon : prezidan Joe Biden deklare Etazini pare pou l resevwa 20 000 refijye

Publié le samedi 11 juin
Pandan dewoulman Somè ki t ap reyalize ant plizyè peyi ki kontinan Amerik la, chèf prensipal Mezon Blanch lan, Joe Biden anonse l pra l goumen pou l jwenn yon akò ant peyi ki sou kontinan pou lonje lamen bay tout migran ki soti nan Amerik Latin yo.
Prezidan ameriken an, Joe Biden, te tou pwofite fè konnen Etazini pral ouvè pòt li pou 20 000 refijye ki soti nan Amerik Latin nan nan ane 2023 ak 2024 k ap vini la.
Li te kontinye pou l di, yon montan 314 milyon dola èd imanitè pral mete disponib sitou pou tout moun ki soti nan peyi Venezyela k ap kouri akoz kriz ekonomik.
« Nou pa dwe kite okenn peyi ki sou kontinan ameriken an poukont li fas ak pwoblèm y ap fè fas, sitou sila k ap tante pase sou fwontyè ki ant peyi Meksik ak Etazini pou kap kouri pou ensekirite ak lamizè », deklarasyon misye Joe Biden.
Nan menm sans sa, plizyè peyi te aksepte siyen yon dokiman sou demann sa peyi Etazini fè a tankou : Ajantin, Babad, Beliz, Brezil, Kanada, Chili, Kolonbi, Kosta Rika, Ekwatè, Salvadò, Gwatemala, Irigwe, Onndiras, Jamayik, Meksik, Etazini, Panama, Paragwe, Pewou ak Ayiti.
Depi lè l te lanse nan Miyami, nan lane 1994, se pou premye fwa Somè Amerik la òganize nan peyi Etazini. N ap fè w sonje tou ni Kiba, Venezyela ak Nikaragwa pa t prezan nan kokennchenn rankont sa akòz Lèzetazini te gentan ekskli yo anvan menm somè a te kòmanse.
Wilson GENESTIL