Politique

« Kote Mèt André Michel, kote avoka pèp la ? »

Publier le : lundi 17 Octobre 2022, à 7h35AM

Mèt André Michel, yon avoka ki pase prezantasyon sou administrasyon Michel Martelly ak Jovenel Moïse la, te deside kanpe nan opozisyon, an pandan l te pran kòm chwal batay li liberasyon moun ki jwenn arestasyon yo nan divès manifestasyon kont pouvwa Tèt kale yo, sa anpil moun rele prizonye politik yo. Depi lè a tout moun konnen l sou non “Avoka pèp la”.

Michel André, avoka fòmasyon ak pwofesyon, moun depatman Sidès, fè senkan ap goumen kont ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Avoka pèp la te men m ale trè lwen depi nan kanpay pou l di tan pou Jovenel Moïse ta prezidan, yo ta pito boule peyi an sann. Sa ki pa t anpeche Jovenel Moïse rive nan « Palè a ».

Mèt André Michel chanje bò

Depi aprè asasina Jovenel Moïse, Mèt André Michel chanje bò, li chanje kan. Mèt la fon lòt kalkil kote l deside antre nan pouvwa Ariel Henry a. Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) te deside bay yon grenn moun nan pouvwa a, ki se ansyen senatè Sidès la Ricard Pierre, k ap planifye tout bagay nan ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn kòm minis.

Pandan tout peryòd sa yo, Mèt Michel te kontinye mete odas li deyò nan mande bon jan kondisyon vi, pou pèp la jwenn moso ledikasyon epi mande Ariel pou akonpaye moun ki pi pòv yo.

Poukisa Mèt André Michel antre nan koki li

Depi lè avoka pèp la chanje kan an, kote l deside rantre nan gouvènman, defann Premye minis defakto Ariel Henry, pèp la te kòmanse asid avèl kote lè gen manifestasyon, gen anpil pawòl piman bouk yo voye kont li ak tout akolit li yo.

Aprè anpil pawòl piman bouk, yon gwoup moun ki asid kont pouvwa a, te deside atake kay Mèt André Michel, kote yo ta pral mete dife nan baryè a, antre nan lakou a boule yon machin yo te jwenn.

Depi jou sa, Michel André disparèt nan tout rada yo. Mèt la pa jan m pale nan radyo ankò ni fè okenn konferans pou laprès. Dènye fwa mèt Michel te fè yon “tweet” se te nan dat 14 sektanm kote l te mande dyalòg, yon mo Mèt la te retire nan vokabilè l sou Jovenel Moïse.

« Peyi a nan yon Moman difisil. Se sèl Dyalòb ki ka pèmèt Nou Soti nan kriz Politik la. Se Moun ki Pa vle chita sou tab Dyalòg la kap fè PM Ariel Henry pase plis tan sou pouvwa a.Peyi a bezwen Sekirite ak eleksyon pou pèp la chwazi moun ki pou dirije l’. Ann pran chimen Dyalòg la », se dènye mesaj Mèt André Michel sou Twitter.

Jeff Jean Joseph
AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button