Santé
Kowonaviris : peyi blan meriken yo leve zafè tès pou etranje yo

Publié le samedi 11 juin
Daprè yon deklarasyon li fè jounen vandredi 10 jen an, prezidan ameriken an, Joe Biden fè konnen peyi Etazini kanpe sou zafè prezantasyon yon tès négatif pou maladi kowonaviris la ak kèlkeswa moun ki ta deside antre lakay yo.
Selon menm nòt sa, se yon desizyon k ap rantre an aplikasyon nan karantuit èdtan k ap vini la yo. E, mezi sa pran aprè ekspè nan koze lasante yo te fin montre l pa nesesè pou moman sa.
N ap pwofite raple w Etazini se youn pami peyi ki plis frape pa koze sa a, e se yon mezi ki te rantre an aplikasyon nan moman Kovid-19 la t ap ravaje mond lan pou yo te kapab rive gen kontwòl tout moun k ap rive sou sòl yo a.
Wilson GENESTIL