Liz Truss, Premyè minis Wayòm Ini an demisyone

Publié le : 20 oct. 2022 à 22:20
Aprè sèlman 44 jou sou pouvwa a, Premyè minis britanik lan, Liz Truss remèt demisyon l apre yon jounen katastwofik pou gouvènman l lan jodi jedi 20 oktòb la.
Se premye minis ki fè mwens tan sou pouvwa ki pase nan Wayòm Ini an. Liz Truss, ki te pran pawòl nan Downing Street la jodi jedi 20 oktòb la pou l anonse demisyon li aprè 44 jou sou pouvwa a.
Sitiyasyon an tap dejenere pou Premye minis lan kote pwòp pati li a ak opinyon piblik la te leve kont li. Aprè jounen katastwofik sa a, Liz Truss pran lapawòl nan demen epi demisyone nan pòs li.
« Jan sitiyasyon an prezante l la, mwen pap ka ranpli manda pati konsèvatè a te ban mwen an » se deklarasyon Liz Truss ki tou presize key on lòt eleksyon pou bay on lòt moun manda pou ranplase l « apati de semèn pwochèn ».
Aktyèl minis finans lan Jeremy Hunt, minis chaje relasyon ak palman an Penny Mordaunt ak Rishi Sunnak ki te candida malere nan dènye tou eleksyon pou pòs Premye minis lan nan ete a se 3 prensipal pwotagonis pou ranplase Premyè minis demisyonè a nan pòs li ki ta dwe deziyen pou rive 28 oktòb k ap vini la.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media