Manifestan piye yon magazen Valerio Canez nan vil Okap
Mouvman revandikasyon yo ap kontinye nan tout peyi a. Zak vyolans ak piyaj yo pa kanpe sou bò pa yo. Se ka youn nan magazen nan vil Okap yo ki viktim jounen lendi 3 oktòb la.

Publié le : 3 oct. 2022 à 17:49
Nan kad yon lòt jounen manifestasyon jounen 3 oktòb la nan vil Okap, manifestan dechouke yon magazen Valerio Canez nan vil la. Se lapolis ki te vin pote antrepriz la sekou epi ki anpeche moun yo fin leve tout bagay pote ale.
Yo te plizyè milye manifestan ki te pran lari a jounen lendi 3 oktòb la pou manifeste mekontantman yo ak pouvwa anplas la epi mande depa Premye minis prezidan an, mesye Ariel Henry. Pandan y ap revandike kont lavi chè, grangou ak ensekirite, kèk manifestan pa sispann kase kèk magazen yo jwenn sou wout yo.
Se konsa magazen Valerio Canez ki chita nan Ri 13-14 A nan vil Okap la t app pral vin yon viktim anplis zak vyolans ak piyaj sa yo. Manifestan yo te rive antre anndan magazen an epi kòmanse bwote divès materyèl elektwomenaje yo jwenn anndan an. Se gras ak konkou lapolis ki te rive sou plas ki anpeche zak piyaj yo kontinye.
N ap raple malgre tout sa k pase pandan 3 dènye semèn sa yo, gouvènman an pa deside tounen sou desizyon monte pri gaz la yo te pran, ki te sèvi eskiz pou moun yo pran lari pou di ase ak move sitiyasyon lavi y ap viv.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media