Santé

Men kòman pou w pwoteje tèt ou pou w evite trape Kolera

Publié le : 4 oct. 2022 à 22:10

Maladi kolera ki te rive nan peyi a nan mwa Oktòb 2010 la tounen. Li gentan lakoz 8 moun mouri daprè sa otorite yo fè konnen. Li enpòtan pou chak moun pwoteje tèt yo epi evite trape maladi a. Men kèk konsèy AreaNews Media pote pou ou pou ka fè sa.

Maladi kolera se yon maladi viris ki pote non vibriyo kolere (vibrio cholerae) bay. Li pote ak li sentom vomisman, dyare ak vant fe mal. Ou ka pran l nan dlo ki pa trete, manje ki pa kuit avèk fwi ki pa lave. Se yon maladi ki kontajye anpil yon senp lanmen yon moun ba ou osinon lajan ka fè w trape l.

Se nan sans sa a, li enpòtan pou chak moun pwoteje tèt yo pou evite pran maladi a epi ede pwòch yo trape l. Men kèk konsèy ou dwe aplike pou w ka pa pran kolera :

  1. Lave men w souvan ak dlo pwòp ak savon
  2. Bwè dlo trete. Si w pa gen mwayen pou w jwenn li, bouyi dlo a osinon vide 5 gout klowòks ladann.
  3. Pwoteje manje n ap manje yo pou bèt pa mache sou yo.K
  4. manje yo byen bouyi ak byen kuit.
  5. Lave tout fui n ap manje yo.
  6. Pa plede bay moun lamen ni anbrase yo. Si sa rive lave men w avan w met nenpòt bagay nan bouch ou.
  7. Toujou fè travay kote nou rete pou li ka rete pwòp pou evite viris la chita kò l lakay nou.
  8. Li enpòtan pou nou gen sewòm oral lakay nou pou sizanka yon moun ta rive atrape kolera a.

Si nou suiv tout konsiy sa yo, n ap kapab konbat ak maladi a pandan n ap evite pran l ak pataje l bay lòt moun. Men si w ta santi youn nan sentom yo, pa pèdi tan pou w rive nan sant sante ki pi pre a. Konsa w ap evite dezidrate.

Filisner DIEUJUSTE

AreaNews Media 

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button