Haïti

Minis zafè etranjè Ayiti a desann pantanlon l devan tribin Nasyonzini

Publié le : 27 sept. 2022 à 10:36

Depi plizyè semèn Ayiti ap konnen yon sitiyasyon malouk kote popilasyon an pran lari pou eksprime kòlè l kont dezisyon Premye minis Ariel Henry ki deside monte gaz la ak plis pase 120%. Devan konsèy sekirite Nasyonzini, lendi 26 sektanm nan, minis Afè etranjè peyi a, Jean Victor Généus fè konnen tout bagay sou kontwòl, apa kèk grenn ka izole ki genyen nan peyi a.

Toujou daprè Chanselye Généus sa k ap pase nan peyi a, se yon gwoup nan sektè ekonomik lan k ap finanse l. Lokatè ministè Afè etranjè a te tou pwofite de moman an pou mande Nasyonzini èd pou tabli sekirite nan peyi a.

Nan sa k ap desinen la, anpil lopital kòmanse femen pòt yo, konpayi telefòn yo paka alimente sit yo, kamyon machandiz paka sòti nan vil pwovens pou rantre Pòtoprens. Peyi a nan yon kriz alimantè san parèy.

N ap raple aprè gouvènman Tèt Kale a te fin pran desizyon pou monte kòb gaz, lokatè Primati a Ariel Henry te fè konnen a pati madi 20 sektanm nan gaz la ap disponib nan tout ponp. Depi jou sa a poko gen yon kamyon ki sòti nan tèmimal Varreux pou ale nan yon ponp.

Jeff Jean Joseph

AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button