ONU anonse l ap soutni gouvènman Ayiti a nan jefò pou konbat kolera

Publié le : 4 oct. 2022 à 21:22
Nan yon kominike Òganizasyon Nasyonzini yo (ONU, nan sig fransè) sòti 2 oktòb la, li anonse l ap bay gouvènman ayisyen an tout sipò nesesè pou ede konbat maladi kolera nan peyi a.
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) anonse nan yon nòt nan dat 1e Oktòb la epidemi kolera a ki te frape peyi a aprè tranblemandetè 2010 la tounen sou nan zile a. Maladi a deja lakoz anviwon 8 moun pèdi lavi yo pandan yo detekte plizyè lòt ka sispèk nan 2 katye bidonvil kote ki defavorize nan kapital la.
Pou ede gouvènman an konbat epidemi an ki te fin disparèt nan peyi a aprè plis pase 3 lane, Nasyonzini anonse yo pare pou yo bay tout koutmen sa mande. Òganis entènasyonal la raple « li esansyèl pou tout moun travay ansanm pandan peryòd kriz la ».
ONU fè konnen l’ap suiv sitiyasyon an de prè pandan lap travay ak gouvènman an pou pote repons prese prese ak maladi a avan l tounen epidemi. An menm tan y ap mize sou kanpay sansibilizasyon pou ede limit risk pou maladi a simaye plis kote sou teritwa nasyonal la.
N ap raple kolera te pase nan peyi a soti nan mwa Oktòb 2010 la rive pou rive fevriye 2019. Anviwon 820 300 moun te trape maladi a pandan prèske 10 000 moun te pèdi lavi yo.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media