Plis pase 2 milyon fanmi san kouran akoz ouragan « Ian » k ap frape Florid nan peyi Etazini
Yon sit ki espesyalize nan domèn chache lè gen kouran ki koupe fè konnen gen plis pase 2 milyon fanmi ki deja san kouran Ozetazini akoz Ouragan « Ian » nan.

Publié le : 29 sept. 2022 à 20:35
Ouragan « Ian » otorite yo fè konnen ki se youn nan ouragan ki danjere anpil ap frape peyi Etazini depi nan ayè mèkredi 28 septanm 2022 a. Nan Sidwès Eta ameriken sila, ouragan gentan fè on bann gwo dega epi lakoz gwo inodasyon ak rafal gwo van.
« PowerOutage » ki se yon sit ki espesyalize l nan domèn chache konnen lè gen kouran ki koupe anonse ke ouragan an gentan gen gwo konsekan sou Eta Florid la nan domèn elektrisite a. Daprè sit la déjà genyen « plis pase 2,5 milyon fanmi deja san kouran Ozetazini akoz Ouragan « Ian » k ap frape Florid la.
Li enpòtan pou n raple otorite yo déjà mande sur latriye moun deplase kite zòn yo ye a akoz risque dega ouragan an ka pote pandan pasaj li. Pou kounye a, poko gen gwo bilan sou tout dega ki fèt yo.
Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media