Pénurie

Ponp yo kontinye ap vann gaz la nan galon

Publié le : 14 nov. 2022 à 14:20

Malgre efò otorite ki mye plase yo fè pou entèdi gaz lan vann nan galon (jòn) ak doum, nou remake anpil ponp ki kontinye pratik sa nan kapital peyi a Pòtoprens depi lè distribisyon yo kòmanse samedi ki te 12 Novanm 2022 a.

Aprè plis pase 4 mwa pèp ayisyen an te nan gwo difikilte pou te jwenn gazolin ak dyezèl pou te kontinye bouje nan aktivite chak jou yo, pa rapò ak nèg ak zam ki te bare Tèminal Varreux, leta peyi a te mennen yon operasyon semèn pase atravè Lapolis Nasyonal d Ayiti pou te debloke sit gaz sa epi pou distribiye te ka fèt nan ponp yo, yon fason pou enstitisyon prive ak leta te ka louvri pòt yo ankò epi pou popilasyon an te ka retounen nan aktivite l.

Nan dat ki te 3 Novanm 2022 a, gouvènman ayisyen an te soti yon nòt pou l te enfòme mèt ponp yo pou yo pa vann gaz la nan galon. Men, menm nòt sa tou te otorize yo vann gaz nan galon ak sila yo ki vini sou demand yon enstitisyon. Men daprè kèk nan achtè sa yo nou te arive fè ti bat bouch avè yo, prensip sa pa rive respekte.

Kèk nan moun ki achte gaz nan galon jòn yo e menm lòt veso tankou doum fè nou konnen yo oblije achte pou mete lakay yo tou pou si ta vin gen rate pwodwi sa ankò nan kèk mwa. Gen lòt ki fè konnen se pou yo ka evite gwo pri sou mache enfòmèl la si gaz la diminye, Paske lè gen ratman yo konn men m achte ti galon an jiska 5000 goud.

Selon konsta nou fè nan kapital la, depi samedi 12 Novanm lan, vant gaz la nan ponp yo retounen men m jan sa te konn ye nan tan nòmal, konsomatè yo fè gaz anba ponp yo san pran liy ni pèdi tan. Poutan nan kèk pwovens sitiyasyon an rete men m jan an, paske ensekirite nan zòn Matisan ak Kanaran anpeche responsab ponp yo al pataje l nan lòt zòn.

Stevinsonne JEUNE
Areanews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button