République Dominicaine

Repiblik Dominikèn fèmen mache sou fwontyè Dajabón nan

Publié le : 30 sept. 2022 à 17:42

Meri komin Dajabón nan anonse li femen mache ki sou fontyè ayisyen ak dominiken an jiska li bay lòd pou li louvri. Li pran mezi sa a akoz ensidan ki rive nan nan zòn franch CODEVI a ki te lakoz plizyè moun blese.

Se jounal dominiken Listin Diario ki reprann pawòl majistra Dajabón nan, mesye Santiago Riverón ki bay enfòmasyon an. Antèt meri a pran desizyon femen mache a jiskaske li bay lòd pou l louvri ankò depi jedi aprè plizyè solda dominiken te anvayi pati ayisyen an nan kad on konfli ki te eklate nan zòn franch CODEVI a.

Pou jistifye desizyon sa a, majistra Santiago Riverón fè konnen moun k ap fè dezòd yo se moun k ap fofile nan echanj komèsyal yo kòm li pa gen garanti sou sekirite Dominiken yo nan kad dezòd ki ka kreye yo, li chwazi fèmen mache a. Li presize byen klè : « N ap fèmen jiskaske sitiyasyon sa rezoud ».

Laprès nan pwovens Dajabón, sou bò pa yo, fè konnen sèten sitwayen dominiken ki te nan zòn konfli a te an sekirite pandan yo te fè mwayen pou deplase kèk nan yo pou garanti pwoteksyon yo.

Filisner DIEUJUSTE

AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button