Tech

Teknoloji : WhatsApp anonse yon lòt seri nouvote ki enteresan anpil

Mark Zuckerberg, prezidan gwoup Meta a, ladann nou jwenn platfòm tankou Facebook, Instagram oubyen WhatsApp, anonse youn nan pi enpòtan nouvote WhatsApp pral genyen pandan l anonse gen lòt k ap vini nan pa lontan.

Publié le : 28 sept. 2022 à 09:33 

WhatsApp tounen youn nan aplikasyon ki bay gwoup Meta a anpil limyè epi l ki konte anpil sou sèvis diskisyon platfòm sa a. Se pou youn nan rezon gwoup la pa sispann inove epi pwopoze nouvote bay itilizatè l yo.

Pou anonse nouvèl la, se prezidan gwoup la, Mark Zuckerberg, ki fè mesaj la pase nan yon pòs li fè sou Facebook ki se youn nan platfòm li yo.

Nouvote sou apèl videyo

Men sa nou jwenn nan anons Zuckerberg la : « A pati de semèn sa a, nou mete sou pye yon lyen (lien) ou ka pataje k ap pèmèt ou lanse yon apèl ak yon sèl klik. N ap teste tou apèl videyo ak kòdaj sekirize pou yon maksimòm 32 moun ».

Platfòm nan pwobableman gen entansyon antre nan konkirans ak lòt platfòm ki ofri posiblite apèl pou gwoup yo tankou Zoom, FaceTime osinon Google Meet/Duo. Ak anons sa a, nouvote WhatsApp yo pral chita sou apèl pale ak apèl videyo yo kote nou pral gen posiblite lanse apèl jiska rive ak 32 moun an menm tan.

Pou fini, Mark Zuckerberg kite nou konprann gen lòt nouvote k ap disponib nan pa lontan. N ap raple dènye nouvote platfòm nan te mete deyò yo te konsène itilizasyon WhatsApp sou òdinatè pòtab yo (PC) ansanm ak lòt nouvo mwayen moun ka reyaji ak mesaj yo ak ti ikòn.

Filisner DIEUJUSTE

AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button