Drame

Videyo pwouve manifestan manke fini ak Magalie Habitant men li dekalre « se yon senp ti kout wòch »

Publié le : 29 septembre 2022, à 4h50PM

_Yon videyo k ap sikile sou entènèt la montre kijan manifestan kouri dèyè epi maltrete Magalie Habitant ki te fofile nan mitan manifestan yo jodi 29 septanm lan. Militan politik la deklare « se yon senp ti kout wòch li pran nan pye »._

Jodi jedi 29 septanm lan, pou yon 2è fwa, ansyen direktè Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid yo (SNGRS nan sig fransè a) sou gouvènman PHTK Jovenel la, madam Magali Habitant viktim anba men manifestan nan PetyonVil. Militan politik la te fofile nan mitan gwoup manifestan yo ki tap revandike kont pwoblèm gaz ak lavichè a.

Tankou sa te ye yon premye fwa semèn pase a, se anba kout wòch, anpil souflèt ak gwo kou, gras ak bon pye l, madam Habitant rive chape poul li. Magalie Habitant te jwenn sipò kèk manm pwòch li nan mouvman an ki te reyisi ede l sove po l sou yon motosiklèt aprè anpil kous kouri pou mete van nan vwèl li madanm lan fè.

Nan videyo ki viral sou entènèt la, nou ka menm rive konstate yon gwo mak wouj nan zòn bò dèyè ansyen direktè a ki, daprè sa yo rapòte, ta viktim kout kouto anba men manifestan yo ki estime se nan betiz Magalie Habitant ap pase yo paske li te konn nan souse manmèl la tou.

Yon ti kras tan aprè, sou antèn yon radyo nan kapital la, Magalie Habitant deklare « se anviwon 10 jenn gason ki soti Filipo ki te rive sou mwen. Yo fè m konnen yo gen misyon pou mwen avan yo atake m. Mwen se moun Petyonvil, moun pa ka entimide m pou fè m pa manifeste kont Ariel Henry. Sa k rive a pa grav, se sèlman yon ti kout wòch mwen pran nan pye ».

Ala ODAS !

Filisner DIEUJUSTE
AreaNews Media

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button